Mayerling Lourdia Choute
Ton Seno, Boogie, Timanman, w ale san avetisman. Nou konen fok nou tout fe rout la men li di pou nou menm ki rete deye toujou. W t renmen la vi menm jan w t renmen fanmiw san kondisyon. Pot kay w t toujou ret ouvri pou tout sak t bezwen sevis w oubyen ed w. Bougie pam, c ak dlo nan je map ekri pawol sa yo cheri. 13 Fevriye 2019 anviron 2hr w t pwomet manmanm belsew (Alourdes Alexis-Choute) pouw t fe yon bel fet pou li an 2020 epi nan demen w mare paket w w met deyo sanw pa di eskize. Mwen rete kwe Bondye pam nan vivan e li ap baw yon tiplas nan wayom li; paske w t gen yon bon ke. Mesi pou moman w t pase nan vim an Ayiti lem t piti, mesi pou akey ke w t banm lem t sot Nou Yok m vin Florid. Nap re we anko Timanman. Ke nanm w repoze an pe nan nom Jezi Kri Sove.

